Check list for TPS for Hatians
TPS for Hatians (I-821 / I-765)
Estati Tanpor è Pwoteje pou Ayiti
Sekret è Depatman Sekirite Nasyonal Ozetazini (DHS), Janet Napolitano, detèmine gen rezon valab pou yo akòde Ayiti, yon Estati Pwoteje Tanpor è (TPS) pou 18 mwa, akozde tranblemannt ak sekous yo ki te fèt 12 janvye 2010 la. Pa konsekans, Ayisyen ki Ozetazini yo (ak lòt moun ki pa gen sitwayènte e ki te nòmalman abite Ayiti an dènye lye) paka retounen san danje nan peyi yo. DHS pral kontinye travay avèk lòt branch Gouvènman Ameriken an pou l kontwole seryezman devlòman kap fèt Ayiti yo defason pou l sa detèmine si gen nesesite pou yo pran lòt aksyon toujou.
Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ozetazini (USCIS) pral trete avèk efikasite epi san pèdi tan, aplikasyon imigrasyon pou TPS yo ke sitwayen ayisyen yo ranpli. Nap afiche plis enfòmasyon detaye nan Avi Rejis Federal la pou anonse desizyon Sekret è a pou l deziyen Ayiti. DHS estime gen apepr è 100.00 a 200.000 moun kap kalifye pou TPS.
Kesyon ak Repons
- Kisa Estati Tanpor è Pwoteje ye?
TPS se yon estati imigrasyon tanpor è yo akòde sitwayen sèten peyi ki kalifye (oswa moun ki pa gen nasyonalite e ki te nòmalman abite nan peyi sa a an dènye lye) ke Sekret è Sekirite Nasyonal Ozetazini deziyen paske peyi sa a sibi kondisyon negatif tanporè, tankou pa egzanp, konfli ak zam oswa dezan nan anviwònman an, ki anpeche sitwayen peyi a retounen san danje oswa pou peyi a òganize retou yo kòmsadwa. Benefisy è TPS ka rete Ozetazini e yo ka travay legalman pou yon peryòd tan byen presi. (Gade nan Seksyon 244 Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (Immigration and Nationality Act: INA), 8 U.S.C. § 1254a.)
- Mwen se yon sitwayen ayisyen; aktyèlman mwen pa ka retounen Ayiti poutèt tranblemannt è ki te fèt la e mwen ta renmen aplike pou TPS. Èske mwen kalifye pou m aplike pou TPS?
Pou kalifye, ou dwe:
- Yon sitwayen ayisyen; oswa yon moun san nasyonalite ki te abite nòmalman ann Ayiti an dènye lye.
- Te abite kontinyèlman Ozetazini depi 12 janvye 2010.
- Te prezan kontinyèlman e fizikman Ozetazini depi dat piblikasyon Avi Rejis Federal, e Satisfè sèten kondisyon pou admisiblite imigran, ak lòt kondisyon kalifikasyon pou TPS (Gade nan INA § 244(c), 8 U.S.C. § 1254a ak 8 C.F.R. §§ 144.2-244.4.)
- Ranpli avèk satisfaksyon tout pwosedi aplikasyon pou TPS yo jan yo dekri yo nan Avi Rejis Federal la ki anonse TPS Ayisyen, enstriksyon aplikasyon pou TPS yo (Fòmil è I821), ak règleman ki nan 8 C.F.R. §§ 244.6 - 244.9.
- Mwen se yon sitwayen ayisyen ; kil è mwen ka soumèt aplikasyon inisyal mwen an pou TPS?
Peryòd anrejistreman an pral kòmanse nan dat avi Rejis Federal la pibliye e lap kontinye pou 180 jou apatide dat sa a. Ou dwe aplike pandan peryòd anrejistreman ki dire180 jou a. Nap konsidere aplikasyon w lan ranpli kòrèkteman si li gen dat lapòs la sou li ki se swa dènye jou peryòd anrejistreman an oswa anvan jou sa a.
- Mwen se yon sitwayen ayisyen; kouman pou m aplike pou TPS?
Pou aplike se pou w ranplit toulède, yon Aplikasyon pou Estati Tanporè Pwoteje (Application for Temporary Protected Status (Fòmilè I-821) ak yon Aplikasyon pou Otorizasyon Travay (Employment Authorization (Fòmilè I-765) avèk nenpòt fr è apwopriye (gade nan tablo ki pi ba a) oswa tou ou ka ranpli demann pou egzansyon frè.
Si wap |
E |
Alèkil è |
E, |
Aplike pou TPS |
Wap aplike pou yon |
Ou dwe soumèt $50 ki |
Ou dwe soumèt $340 |
inisyal e w gen |
EAD ki gen rap ò ak |
se fr è aplikasyon pou |
ki se fr è aplikasyon |
ant laj 14 zan ak |
TPS |
Fòmil è I-821 |
pou Fòmil è I-765 |
65 an |
|
|
|
Aplike pou TPS |
Wap aplike pou yon |
Ou dwe soumèt $50 ki |
Ou pa bezwen |
inisyal e ou gen |
EAD ki gen rap ò ak |
se fr è aplikasyon pou |
soumèt frè |
mwenske 14 zan |
TPS |
Fòmil è I-821 |
aplikasyon pou |
Aplike pou TPS |
Ou pap aplike pou |
Ou dwe soumèt $50 ki |
Ou pa bezwen |
inisyal, kèlkeswa |
yon EAD ki gen rap ò |
se fr è aplikasyon pou |
soumèt frè |
laj ou genyen an |
ak TPS |
Fòmil è I-821 |
aplikasyon pou |
|
|
|
Fòmil è I-765 |
- Ou dwe itilize vèsyon Fòmil è I-821 an ki gen dat 10/17/2007 (17 oktòb 2007) oswa yon dat apre dat sa a ak vèsyon Fòmil è I-0765 ki gen dat 5/27/2008 (27 me 2008) oswa yon dat apre dat sa a. Si w pa itilize vèsyon fòmil è sa yo sa ka lakòz yo rejte aplikasyon w yo.
- Se pou pran prekosyon w l è wap ranpli fòmil è yo e asire ke ou reponn tout kesyon yo.
Si w pa reponn nenpòt kesyon konplètman sa ka lakòz tretman dosye w la gen reta. - Si w gen 14 zan oswa w pi gran: Ou dwe peye tou yon fr è $80 pou byometrik, oswa soumèt yon demann pou egzansyon frè.
- Ou pa dwe ranpli aplikasyon w lan anvan dat ki make sou piblikasyon avi Rejis Federal la.
- Ki kote mwen ka jwenn fòmil è neses è yo pou TPS?
Fòmil è sa yo disponib l è w rele nimewo pou apèl gratis pou Liy Enfòmasyon USCIS pou jwenn fòmil è yo nan (800) 870-3676 oswa l è w seleksyone Fòmil è sou sit entènèt USCIS la: www.uscis.gov.
- Mwen se yon sitwayen ayisyen kap aplike pou TPS; kisa fr è anrejistreman pou aplikasyon pou TPS la ye?
- Fr è pou Fòmil è I-821 se $50.
- Yon fr è $80 pou byometrik apa neses è si w gen 14 zan oswa w pi gran.
- Yon fr è $340 dwe akonpayi Fòmil è I-765 pou otorizasyon travay si w gen 14 zan jiska 65 an.
o Menmsi w pa bezwen otorizasyon travay, se pou w ranpli Fòmil è I-765 la kantmèm, men ou pap gen pou peye fr è a.
7. E si mwen pa ka peye pou fr è anrejistreman ak/oswa byometrik yo?
Ou ka mande yon egzansyon pou fr è aplikasyon TPS yo ak/oswa fr è byometrik yo l è w soumèt yon demann pou egzansyon fr è ansanm avèk dokiman apwopriye yo poutèt ou pa ka peye. Men kèk nan dokiman pou genyen yo:
- Resevwa yon benefis federal/deklarasyon ke yo detèmine apatide nivo revni w genyen; oswa
- Prèv sou revni tout moun nan kay la touche ki pi ba pase direktiv Federal pòvrete yo; oswa
- Prèv sou gwo depans ki fèt l è yo konpare yo avèk revni w, pa egzanp bòdwo medikal ki wo.
Yo ka akòde egzansyon fr è tou pou rezon imanit è tankou andikap, sanzabri oswa laj.
Se pou w soumèt dokiman tou pou sipòte demann wap fè a. Se pou tout dokiman yo ann angle oswa se pou yo tradui yo nan lang angle.
Yon moun kap fè yon demann pou egzansyon fr è fèt pou l deklare egzakteman ki fr è (pa egzanp, fr è pou aplikasyon Fòmil è I-821, fr è pou aplikasyon Fòmil è I-765 ; ak/oswa fr è pou sèvis byometrik) li vle yo egzante. Pou w sa gen yon egzansyon frè, ou dwe soumèt avèk fòmil è sa yo, yon deklarasyon ekri, asèmante, avèk afimasyon, oswa konfòmeman avèk seksyon 28 USC 1746, sou penn fo temwayaj. Nan deklarasyon ekri a ou dwe deklare ke w panse ou kalifye pou TPS e ke w vle yo egzante fr è yo. Se pou w esplike tou pouki rezon ou pa ka peye fr è yap mande peye yo.
8. Ki kalite dokiman sip ò debaz pou m soumèt?
Enstriksyon sou kouman pou aplike pou Fòmil è I-821 an liste tout dokiman ki neses è pou etabli kalifikasyon debaz pou TPS.
- Anplisdesa, ou dwe soumèt de (2) foto pasp ò ou pran ak prèv ke w satisfè kondisyon debaz pou kalifikayson pou TPS pou enkli prèv ke w:
- Se yon sitwayen ayisyen oswa yon moun san nasyonalite ki te nòmalman abite ann Ayiti, an dènye lye (tankou yon fotokopi pasp ò w oswa batist è w);
- Kontinyèlman abite Ozetazini depi 112 janvye 2010; e
- te prezan kontinyèlman e fizikman Ozetazini depi dat piblikasyon Avi Rejis Federal.
- Èske se pou m soumèt dokiman sip ò anplis?
Toudepande tip kesyon wap adrese a(yo), dokiman anplis gen dwa pa sifizan, men anjeneral yon esplikasyon ekri ka neses è tou.
- E si mwen pa ka jwenn dokiman ki pwouve mwen se yon sitwayen ayisyen poutèt dega ki fèt nan peyi m nan?
Pou pwouve ou se yon sitwayen ayisyen, ou ka soumèt swa yon kopi pasp ò ayisiyen w oswa yon kopi batist è w, ki montre ou te fèt Ayiti. Nou atann nou aske pifò Ayisyen kap aplike pou TPS dwe gen yon pasp ò e yo ka soumèt yon kopi pasp ò a menmsi li ekspire.
Si w pagen yon pasp ò ayisyen e w pa ka jwenn batist è ki soti Ayiti a, wap gen pou soumèt lòt prèv.Lòt prèv sa a ka nenpòt lòt dokiman ou deja genyen nan men w ki soti Ayiti, e ki montre ou se yon nasyonal oswa sitwayen ayisyen. Lòt prèv ka sou fòm sètifika batèm ki soti Ayiti, afidavi asèmante ke yon manm fanmi w bay avèk detay byen presi sou dat ak ki kote w fèt e ki endike tou kouman moun sa a gen enfòmasyon sa a. Si gen nenpòt ki pa nan lang angle, se pou l gen avèk li yon tradiksyon anglè. Moun ki tradui dokiman an dwe sètifye ke li konpetan nan lang angle ak nan lang etranj è ki nan dokiman lap tradui a e se pou l sètifye tou ke tradiksyon an konfòm e kòrèk dapre kapasite l, konesans ak kwayans li.
Si w se yon moun ki pa gen nasyonalite e ki nòmalman te abite Ayiti an dènye lye, ou dwe montre ke w pa gen atach ak okenn peyi. Sètadi, ou pagen nasyonalite ditou. Ou dwe soumèt yon deklarasyon kap esplike pouki rezon ou pa gen atach ak okenn peyi.Ou dwe soumèt tou tout dokiman ou ka genyen ki soti Ayiti e ki montre ke nòmalman ou te abite la an dènye lye. Si dokiman sa a pa disponib, ou ka soumèt afidavi asèmante ke zanmi pwòch ou ak manm fanmi w ki gen konesans dirèk sou rezidans ou Ayiti, fè. Nap di w sa ankò, nenpòt dokiman ki pa ekri nan lang angle dwe gen yon tradiksyon angl è sètifye ki akonpaye l.
- Kouman pou m pwouve prezans fizik kontinyèl ak rezidans kontinyèl Ozetazini? Gen yon pakèt tip dokiman diferan ou ka soumèt pou pwouve rezidans kontinyèl ou Ozetazini depi 12 janvye 2010 ak prezans fizik kontinyèl ou Ozetazini depi dat avi Rejis Federal la pibliye a ki deziyen Ayiti pou TPS.Pa egzanp, ou ka soumèt lèt travay ansyen patwon w oswa patwon aktyèl ou ekri ki montre ou tap travay, resi lwaye, souch chèck pewòl, etadkont labank, dosye lekòl, oswa nenpòt lòt dokiman ou ka genyen ki montre prezans fizik kontinyèl ou ak rezidans kontinyèl ou Ozetazini.
- Ki kote pou m soumèT pake aplikasyon pou TPS la?
Enfòmasyon sa ap disponib apre avi Rejis Federal la pibliye. Tanpri pa eseye soumèt aplikasyon w yo anvan dat sa a.
- Èske m ka aplike elektwonikman sou Entènèt?
Non, ou pa ka aplike elektwonikman..Aplikasyon elektwonik pa disponib pou anrejistreman inisyal TPS.
- Mwen se yon sitwayen ayisyen ki aplike pou TPS. Kisa pou m fè si mwen gen yon randevou nan Sant Sip ò Aplikasyon (Application Support Center : ASC) men mwen pa ka ale nan randevou a?
Si w pa ka prezante pou randevou w nan ASC la, yo ka refize aplikasyon w lan poutèt abandon.
15. Kisa pou m fè pou m pran yon lòt randevou nan ASC la pou byometrik?
Pou mande pou yo bay yon lòt randevou nan yon ASC, tanpri, fè yon kopi avi pou randevou w la pou kenbe nan dosye w; apresa voye avi orijinal la avèk demann pou yo reba w yon randevou pa lapòs nan adrès ASC ki make sou avi a. Yo pral voye yon nouvo avi pou randevou ba ou pa lapòs. Tanpri remake ke l è w pran yon lòt randevou pou byometrik, sa ka koze yon reta nan desizyon pou aplikasyon w lan.
16. Èske map resevwa otorizasyon pou m travay? Ki dokiman pou m itilize kòm prèv otorizasyon travay ?
Apre w fin aplike pou Fòmil è I-765 la, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay (EAD), ak Fòmilè I821, e w peye frè apwopriye yo (oswa yo te akòde yon egzansyon frè), USCIS pral revwa aplikasyon w yo. Yon fwa yo konplete pwosesis prelimin è yo, yo pral ba w yon Dokiman Otorizasyon Travay. USCIS pap bay otorizasyon travay toutotan yo pa kolekte byometrik ou yo nan yon ASC e ke yo pa fè yon verifikasyon konpl è sou ou. Yon fwa nou konplete pwosesis aplikasyon TPS ou a, ou pral resevwa yon avi ekri sou desizyon nou pran an.
Si nou akòde w yon EAD, ou ka prezante EAD valab ou a bay yon anplwayè/patwon kòm prèv otorizasyon pou travay ak kòm prèv idantite.
- Ou ka prezante tou nenpòt lòt dokiman legal akseptab oswa konbinezon dokiman ki liste sou Fòmil è I-9 la kòm prèv idantite ak kalifikasyon travay.
- Mwen se yon sitwayen Ayiti; mwen rive Ozetazini apre 12 janvye 2010. Èske m kalifye pou TPS?
Non. Pou w sa kalife pou benefis, se pou sitwayen ayisyen yo (oswa moun ki pa gen nasyonalite e ki te nòmalman abite ann Ayiti an dènye lye) te kontinyèlman abite Ozetazini depi 12 janvye 2010.
- Èske mwen ka itilize TPS kòm rezon pou m gen yon estati rezidan pèmanan? Non. TPS se yon benefis tanpor è ki pa pèmèt obtansyon estati rezidan pèmanan legal poukont li oswa ki pa konfere okenn estati imigrasyon.
- Èske mwen ka aplike pou yon lòt benefis imigrasyon pandan mwen anrejistre pou TPS?
Wi.Anrejistreman pou TPS pa anpeche w aplike pou estati non-imigran, aplikasyon pou ajisteman estati baze sou yon petisyon imigran, oswa aplikasyon pou nenpòt lòt benefis oswa pwoteksyon imigrasyon ke w ka kalifye pou li.
- Kouman yon aplikasyon pou TPS afekte aplikasyon m pou azil oswa lòt benefis imigrasyon?
Yon aplikasyon pou TPS pa afekte yon aplikasyon pou azil oswa nenpòt lòt benefis imigrasyon oswa vise vèsa.
- Refi yon aplikasyon pou azil oswa nenpòt lòt benefis imigrasyon pa afekte kapasite pou yon etranje aplike pou TPS, byenke rezon pou refi aplikasyon sa a ka fè yo refize TPS la. (Pa egzanp, yon etranje yo te kondane poutèt yon krim grav pa kalifye pou azil oswa TPS.)
Si yon moun yo akòde TPS gen yon fanmi oswa yo apwouve yon petisyon baze sou travay onon li ak yon dat priyorite ki resan, moun sa a ka ajiste estati l Ozetazini sèlman si yo te enspekte l ak admèt li, oswa li te gen libète pwovizwa, e (avèk kèk esepsyon), li te kenbe yon estati legal pandan l te Ozetazini. Si l te rantre Ozetazini ilegalman oswa li pat gen estati ilegal anvan oswa apre l te gen TPS la, li ka pa kalifye pou ajisteman estati Ozetazini. Pou rezon ajisteman, tan yon moun ap fè nan TPS konsidere kòm yon peryòd estati non-imigran legal, men gen TPS tou senpleman pa « remedye » tout lòt peryòd tan anvan e apre TPS lè moun lan ka pa gen estati legal.
21. Èske mwen ka jwenn yon dokiman pou vwayaje pou m vwayaje andey ò Etazini l è fini pou retounen? Si mwen vyole tèm ak kondisyon estati mwen oswa mwen te Ozetazini san estati legal epi apresa mwen kite Etazini, èske map ka retounen ?
Si yo akòde wTPS, ou ka aplike pou libète pwovizwa alavans l è w ranpli Fòmil è I-131, Aplikasyon pou Dokiman pou Vwayaje. Si yo apwouve w, yo pral ba w yon dokiman pou libète pwovizwa alavans.Yon dokiman pou libète pwovizwa alavans pèmèt ou kite Etazini epi rerantre toutotan dokiman pou libète pwovizwa alavans la rete valab.
- Yo pa ka akòde libète pwovizwa alavans pou pliske peryòd tan peyi w la deziyen pou TPS.
- DHS pran desizyon pou akòde libète pwovizwa alavans selon diskresyon l, li pa garanti.
Nenpòt vyolasyon lwa imigrasyon ka afekte kalifikasyon w pou rerantre Ozetazini. Nan sèten ka, si w pa respekte lalwa a sa ka fè yon mete yon entèdiksyon pèmanan pou w pa retounen. Sa a aplike tou menmsi w gen yon viza, libète pwovizwa alavans oswa lòt dokiman, oswa a nenpòt moman ou vin kalifye pou estati. USCIS pap fè yon detèminasyon pou di w si w gen inadmisiblite alavans, menmsi w aplike pou yon libète pwovizwa alavans.
- Mey è fason pou asire ke w pa gen yon pwoblèm se pou asire w ke w satisfè angajman w, e ke kòm yon vizit è peyi Etazini, se pou asire w ke w konprann konplètman tèm ak kondisyon estati w, e pou pa vyole yo.Si w panse ou ka te vyole estati w la, li ta bon si w ta chèche konsèy legal sou enpak ki k a genyen sou abilite pou w rerantre Ozetazini alavni.
- Li ta bon tou si w ta chèche konsèy legal si w te prezan ilegalman Ozetazini a nenpòt moman e w antisipe kite Etazini, menm avèk otorizasyon libète pwovizwa alavans la. Yo ka jwenn ke w pa kalifye pou sèten benefis imigrasyon alavni si w kite Etazini paske depa w la ka deklanche yon rezon pou yo pa admèt ou Ozetazini, gade nan seksyon 212 (a)(9) nan INA.
22. Kisa ki ka fè m pa kalifye pou TPS?
Yon moun yo kondane poutèt nenpòt krim, oswa poutèt de (2) oswa plizy è krim ki te mande anprizònman de ennan oswa mwen, ki te fèt Ozetazini, pa kalifye pou TPS.
- Yon moun ki ka gen entèdiksyon pou azil poutèm krim ak rezon sekirite, pa kalifye tou. Sa enkli patisipasyn nan pèsikisyon yon lòt moun oswa angaje oswa ankouraje aktivite teworis
23. Mwen se yon sitwayen ayisyen ki aplike pou TPS. Mwen chanje adrès resamman. Kouman pou m asire m adrès mwen ajou?
Pifò sitwayen ki pa sitwayen Ameriken ki Ozetazini dwe selon lalwa avize DHS de nenpòt chanjman adrès sou 10 jou apre yo fin demenaje pou bay nouvo adrès la. Pou avize DHS de chanjman adrès la, ou dwe ranpli yon Fòmil è AR-11, Chanjman Adrès (Change of
Address).Ou ka ranpli fòmil è AR-11 la elektwonikman kounye a sou sit entènèt nou nan www.uscis.gov.
Menmsi w se youn pami kèlke etranje ki pa legalman oblije soumèt yon chanjman adrès, ou dwe kenbe adrès ou ajou si w ranpli nenpòt aplikasyon oswa petisyon av è nou e ke wap tann yon desizyon sou yo toujou, defason pou w sa resevwa nenpòt avi oswa desizyon nap voye. Pou avize nou de chanjman adrès ou, ou ka rele Sant Sèvis Nasyonal Kliyan USCIS (USCIS National Customer Service Center) nan 1-800-375-5283 oswa ou ka ranpli Fòmil è AR-11, Chanjman Adrès (Change of Address). Ou ka ranpli fòmil è AR-11 la elektwonikman kounye a sou sit entènèt nou nan www.uscis.gov.
24. Ki kote mwen ka resevwa enfòmasyon anplis?
Tanpri kontakte Sant Nasyonal Sèvis Kliyan USCIS (USCIS National Customer Service Center) nan: 1-800-375-5283 oswa 1-800-767-1833 (pou moun ki sous oswa bèbè, TTY).
– USCIS –
